Sefirot yo — Pyebwa Lavi a
Sijè 02 — Fondwaman Kabalסְפִירוֹת

10 Sefirot yo

Etz Chaim — Pyebwa Lavi a

Dis kanal kote Limyè san limit Kreyatè a ap desann jiskaske li manifeste nan mond fizik la.

Pyebwa Lavi a (Etz Chaim) se kat jeyografik nanm nou ak kreyasyon an. Li konpoze de 10 Sefirot (kanal oswa emanasyon) kote Limyè san limit Kreyatè a — Ohr Ein Sof — ap pase pou l desann jiskaske li manifeste nan mond fizik la.

✦ Detay yo ✦

Kanal Limyè Ein Sof la — Detay sou chak Sefirah

01כֶּתֶר
Keter — כֶּתֶרKowòn lanBlan Briyan / Transparan · Atziluth
Volonte SiprèmPwen ZewoSous san limit

Keter se pwen kote kreyasyon an kòmanse. Li reprezante espas kote dezi Kreyatè a pou l bay la fòme. Li anlè entèlijans imen. Se la nou konekte ak konsyans pi a, kote "Mwen" an disparèt pou l fè yon sèl ak tout la.

02חָכְמָה
Chokmah — חָכְמָהSajès laBle Syèl / Gri · Atziluth
Flash EnspirasyonSemans panse aFòs Gason Primòdyal

Chokmah se premye lide ki parèt nan tèt ou tou dousman anvan w kòmanse analize l. Li se sajès pi k ap soti dirèkteman nan sous la. Se li ki bay enèji ak mouvman pou kreyasyon an kòmanse pouse.

03בִּינָה
Binah — בִּינָהEntèlijans / KonpreyansyonNwa / Gwo Ble · Atziluth
Matris laManman anFòm nanFòs Fi Primòdyal

Si Chokmah se "semans" la, Binah se "tè" oswa "matris" ki resevwa semans lan pou l ba l fòm. Se la lide a kòmanse estriktire l, kote nou konprann detay yo. Binah limite enèji a pou l ka tounen yon bagay ki ka egziste.

04חֶסֶד
Chesed — חֶסֶדMizerikòd / Gwo LanmouBle Elektrik — Reyon Ble · Beriah
EkspansyonJenerozite san limitPwoteksyon

Chesed se dezi pou bay san gad dèyè, san kondisyon, ak san limit. Li lye ak premye nivo inisyasyon nou an — Pwoteksyon ak Reyon Ble a — kote n ap bati yon gwo pwoteksyon renmen toutotou nou anba gidans Archangel Michael.

05גְּבוּרָה
Gevurah — גְּבוּרָהJistis / Rigo / FòsWouj · Beriah
KontraksyonLimitDisiplinJijman

Gevurah se fòs ki di "Non". Si te gen Chesed sèlman, dlo a t ap moute kouvri tè a. Gevurah mete baraj la pou dlo a ka itil. Li reprezante disiplin inisye a ak fòs li genyen pou l konbat move enfliyans ak laperèz.

06תִּפְאֶרֶת
Tiferet — תִּפְאֶרֶתBote / BalansJòn-Lò / Solèy — Reyon Lò · Beriah
Kè aAmoniSolèy laReyon Lò a

Tiferet sitiye egzakteman nan mitan Pyebwa Lavi a. Li se pwen ekilib ant Chesed (Lanmou) ak Gevurah (Disiplin). Li reprezante bote nanm nou lè li nan balans. Se la frekans Yeshua HaMashiach chita pou l gaye amoni ak lapè.

07נֶצַח
Netzach — נֶצַחViktwa / EtèniteVè — Reyon Vè · Yetzirah
PèsistansEmosyon KreyatifGerizonLanati

Netzach reprezante dezi nou pou nou genyen ak pouse pou pi devan malgre difikilte. Li lye ak dezyèm nivo inisyasyon nou an — Gerizon ak Reyon Vè a — anba gidans Melkisedèk, kote nou netwaye epi restore tout kò enèjetik nou pa mwayen lanati.

08הוֹד
Hod — הוֹדSplendè / GlwaZoranj · Yetzirah
Soumisyon SenLojikKominikasyonEstetik

Si Netzach se pasyon ak emosyon, Hod se entelektyalite ak analiz. Li se kapasite pou nou rann tèt nou vilnerab devan verite a pou nou ka aprann. Li ede nou tradui vizyon espirityèl yo an mo ak lide klè.

09יְסוֹד
Yesod — יְסוֹדFondasyon anVyolèt / Ajan — Lalin · Yetzirah
Kalfou aKanal TransmisyonAstral laKoneksyon Zansèt

Yesod se gwo antonwa kote tout enèji 8 Sefirot anlè yo rasanble anvan yo desann sou tè a. Li reprezante mond rèv yo, imajinasyon an, ak pòtay kalfou kote fòs Ginen yo ap travay. Se la nou bati fondasyon solid rityèl nou yo.

10מַלְכוּת
Malkuth — מַלְכוּתWayòm nan / Tè aKoulè Tè — Melanj 4 koulè · Assiah
Manifestasyon FizikKò aAksyon anAyiti

Malkuth se sèl Sefirah ki pa gen pwòp limyè pa l — li resevwa tout sa k soti anlè a. Li reprezante mond fizik sa n ap viv ladan l lan, kò nou, ak aksyon n ap poze chak jou. Se la Tikkun (koreksyon) an dwe fini pou Wayòm Limyè a ka etabli nan matyè a.